Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Apre Akouchman w lan (Peryòd Apre Akouchman an): Enstwiksyon Swen Sante

After Your Delivery (the Postpartum Period): Care Instructions

Enstriksyon pou Swen Ou

../images/d09ab1d3e6ec1584d2730912c59bdc3e.jpg

Felisitasyon paske w akouche tibebe w la. Tankou gwosès la, peryòd nouvone a kapab se yon moman eksitasyon, kè kontan ak gwo fatig. Ou ka gade bèl tibebe w la epi ou santi w kontan. Nouvo lè w dòmi yo ak nouvo responsablite w yo ka boulvèse w tou.

Okòmansman, tibebe yo souvan dòmi pandan lajounen epi je yo klè nan nuit. Yo pa gen yon modèl oswa yon woutin. Yo ka fè plizyè rale souf bridsoukou, brannen kò yo pou reveye oswa sanble yo gen je kwaze. Tout sa yo nòmal epi yo ka menm fè w souri.

Nan premye semenn sa yo apre akouchman an, eseye byen pran swen tèt ou. Li ka pran 4 a 6 semenn pou w santi kò w ankò, e li posib pou l pran plis tan si w te fè akouchman sezaryèn. Li posib pou w santi w fatige anpil pandan plizyè semenn. Jou w yo pral gen anpil monte desann, men anpil kè kontan tou.

Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.

Ki jan w kapab pran swen tèt ou lakay ou?

Pran swen kò w apre akouchman an

  • Itilize kotèks angiz tanpon pou san k ap koule ki ka dire jiska 2 semenn.

  • Soulaje lakranp yo avèk ibuprofen (Advil, Motrin).

  • Soulaje doulè emowoyid la ak zòn ant vajen w ak twou dèyè w avèk konprès glas oswa avèk kotèks witch hazel yo.

  • Soulaje konstipasyon an nan bwè anpil likid ak manje manje ki gen anpil fib yo. Poze doktè w la kesyon sou sipozitwa san preskripsyon yo.

  • Netwaye deyè ou avèk kèk ti gout dlo tyèd nan yon boutèy olye w siye l avèk papye twalèt.

  • Pran yon beny syèj nan dlo tyèd plizyè fwa pa jou.

  • Mete yon bon soutyen alètman. Soulaje tete fè mal ak tete anfle a avèk debabouyèt tyèd ki mouye.

  • Si w pa p bay tibebe a tete, itilize glas angiz chalè pou soulaje doulè nan tete a.

  • Règ ou ka pa vini pandan plizyè mwa si w ap bay tibebe a tete. Ou ka senyen plis e pi lontan okòmansman pase jan w te senyen anvan w ansent lan.

  • Tann jiskaske w geri (anviwon 4 a 6 semenn) anvan w fè bagay. Doktè w la pral di ki lè pa gen danje pou w fè bagay.

  • Pa eseye vwayaje avèk tibebe w la pandan 5 oswa 6 semenn. Si w ap fè yon vwayaj long nan machin, fè plizyè kanpe souvan pou w mache ak detire.

Evite gwo fatig.

  • Repoze w chak jou. Eseye kabicha lè tibebe w la ap kabicha.

  • Mande yon lòt granmoun pou li rete avèk ou pandan kèk jou apre akouchman an.

  • Planifye pou gadri si w gen lòt timoun.

  • Rete fleksib yon fason pou w kapab manje nan lè endiy ak dòmi lè w bezwen dòmi. Oumenm ak tibebe w la nou toude ap bati nouvo orè.

  • Planifye plizyè ti vwayaj pou w kapab soti nan kay la. Chanjman an kapab fè w santi w mwens fatige.

  • Mande moun ede w fè travay nan kay la, fè manje ak achte. Raple w travay ou se pran swen tibebe w la.

Konnen pou jwenn èd pou depresyon apre akouchman

  • "Bebiblou" se yon bagay ki komen pandan 1 a 2 premye semenn apre akouchman. Ou ka kriye oswa santi w tris oswa fasil pou irite pou okenn rezon.

  • Repoze w chak fwa w kapab. Lè w fatige, sa rann li pi difisil pou w jere emosyon w yo.

  • Al pwomennen avèk tibebe w la.

  • Pale ak mari w oswa mennaj ou, zanmi w ak fanmi w sou sa w santi.

  • Si sentòm ou yo dire plis pase kèk semenn oswa si w santi w deprime anpil, mande doktè w la pou li ede w.

  • Depresyon apre akouchman kapab trete. Gwoup sipò ak konsèy kapab ede w. Pafwa medikaman yo kapab ede w.

Rete an sante

  • Manje manje ki bon pou lasante pou w gen plis enèji epi pou w kapab pèdi pwa w pran anplis pandan gwosès la.

  • Si w ap bay tibebe a tete, evite pran dwòg. Si w kite fimen pandan gwosès la, eseye rete san fimen. Si w chwazi bwè yon vè alkòl detanzantan, bwè yon sèl vè epi limite kantite fwa ou bwè yon vè alkòl. Tann pou bay tibebe a tete omwen 2 èdtan apre w fin bwè vè alkòl la pou w redui kantite alkòl tibebe a ka pran nan lèt la.

  • Kòmanse fè egzèsis fizik chak jou apre 4 a 6 semenn, men repoze lè w santi w fatige.

  • Aprann fè egzèsis fizik pou w tonifye vant ou. Fè egzèsis Kegel yo pou w reprann fòs nan mis basen w yo. Ou kapab fè egzèsis sa yo pandan w kanpe oswa chita.

    • Peze menm mis ou t ap itilize yo pou sispann pipi ou. Vant ou ak kuis ou yo pa ta dwe bouje.

    • Kenbe presyon an pandan 3 segonn, epi rilaks pandan 3 segonn.

    • Kòmanse avèk 3 segonn. Ansuit ajoute 1 segonn chak semenn jiskaske ou kapab peze pandan 10 segonn.

    • Fè egzèsis la ankò 10 a 15 fwa pou chak seyans. Fè twa (3) oswa plis seyans chak jou.

  • Jwenn yon kou pou nouvo manman ak nouvone yo ki gen yon lè pou fè egzèsis fizik.

  • Si w fè yon akouchman sezaryèn, bay tèt ou yon ti tan anplis anvan w fè egzèsis fizik, epi fè atansyon.

Ki lè w ta dwe rele pou w mande èd?

Rele 911 nenpòt lè w panse w ka bezwen swen sante annijans. Pa egzanp, rele si:

  • Ou gen lide fè tèt ou mal, fè tibebe w la mal oswa fè yon lòt moun mal.

  • Ou endispoze (pèdi konesans).

  • Ou gen doulè nan pwatrin, ou gen souf kout oswa w touse san.

  • Ou fè yon kriz.

Rele doktè w kounye a oswa chèche swen medikal tousuit si:

  • Ou gen senyman nan vajen ki grav. Sa vle di w ap bay boul san epi w ap absòbe yo nan yon kotèks chak èdtan pandan 2 oswa plizyè èdtan.

  • Ou gen tèt vire oswa toudisman, oswa ou santi w ka endispoze.

  • Ou genyen yon lafyèv.

  • Ou gen nouvo doulè nan vant, oswa plis doulè nan vant.

  • Ou gen siy yon boul san nan janm ou (ki rele twonboz pwofon nan venn), tankou:

    • Doulè nan mòlèt, dèyè jenou, kuis, oswa lèn ou.

    • Woujè ak anflamasyon nan janm oswa nan lèn ou.

  • Ou gen siy pre-eklanpsi, tankou:

    • Figi w, men w oswa pye w anfle bridsoukou.

    • Nouvo pwoblèm vizyon (tankou vizyon w fèb oswa twoub oubyen w wè tach).

    • Yon gwo tèt fè mal.

Byen siveye chanjman ki fèt nan sante w, epitou asire ou kontakte doktè w la si:

  • Senyman nan vajen w lan sanble vin pi plis.

  • Ou gen nouvo dlo blanch nan vajen an oswa dlo blanch nan vajen an vin pi grav.

  • Ou santi w tris, ou gen enkyetid oswa ou sanzespwa pandan plis pase kèk jou.

  • Ou pa refè jan w te espere a.

Ajou nan dat: 10 July 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2026 Healthwise, Incorporated.
Powered by Krames by WebMD Ignite
Disclaimer