Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Atak Kè: pou Swen Sante Ou

Heart Attack: Care Instructions

Apèsi

../images/500b230fd0ffa68b494928aa5562758c.jpg

Yon kriz kadyak se yon evènman ki rive lè yon pati nan misk kè a pa jwenn ase san ak oksijèn. Pati sa a nan kè a kòmanse mouri. Yon kriz kadyak rele tou enfaktis myokad, oswa MI.

Yon kriz kadyak pi souvan rive paske sikilasyon san nan youn oswa plis nan atè kowonè yo bloke. Sa a se blokaj anjeneral ki te koze pa yon boul nan san ki fòme lè plak nan atè a wonpi.

Aprè yon kriz kadyak, ou ka enkyete w pou avni w. Pandan plizyè semèn kap vini yo, kè ou ap kòmanse geri. Menm si li ka difisil pou wonpi vye abitid, ou ka diminye risk ou genyen pou ou gen yon lòt atak kè. Ou ka fè sa nan fè kèk chanjman nan mòd de vi w epi nan pran medikaman.

Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?

Aktivite

  • Jouk lè doktè ou di pa gen pwoblèm, pa fè egzèsis ki difisil. Epitou pa leve, pa redi oswa pa pouse anyen ki lou. Mande doktè ou ki kalifye aktivite ki bon pou ou.

  • Si doktè ou pa t prepare yon pwogram reyabilitasyon kadyak (reyab), pale avèk li pou konnen si sa bon pou ou. Reyabilitasyon kadyak gen ladan egzèsis sipèvize. Li gen ladan tou èd avèk chanjman nan rejim alimantè ak nan mòdvi ak sipò emosyonèl. Li ka redui risk ou pou gen pwoblèm kè pidevan.

  • Fè plis aktivite fizik dousman. Pran ti repo ki kout lè ou fatige.

  • Si doktè ou rekòmande ou sa, fè plis egzèsis fizik. Mache se yon bon chwa. Ofi-amezi, ogmante kantite tan ou mache chak jou. Eseye pandan omwen 30 minit nan pifò jou semèn nan. Ou ka vle naje, monte bisiklèt, oswa fè lòt aktivite fizik tou. Pale avèk doktè ou anvan ou kòmanse yon pwogram egzèsis pou asire li bon pou ou.

  • Mande doktè ou lè ou kapab kondi, lè ou kapab retounen nan travay, ak lè pou fè lòt aktivite fizik chak jou ankò.

  • Ou kapab fè sèks lè ou santi ou pare pou sa. Souvan sa vle di lè ou kapab mache fasil oswa lè ou kapab monte eskalye fasil. Pale avèk doktè ou si ou gen nenpòt pwoblèm. Si w ap pran nitroglycerin, pa pran medikaman ki amelyore ereksyon tankou sildenafil (Viagra), tadalafil (Cialis), oswa vardenafil (Levitra) .

Chanjman nan mòdvi

  • Pa fimen. Si ou fimen sa ap ogmante risk ou pou gen yon lòt atak kè. Si ou bezwen èd pou kite fimen, pale avèk doktè ou konsènan pwogram ak medikaman ki pou fè ou sispann fimen. Bagay sa yo kapab ogmante chans pou kite fimen toutbon.

  • Adopte yon rejim alimantè ki an sante ki ba nan grès satire ak sèl, epi ki plen fwi, legim ak grenn antye. Ou ka jwenn plis detay sou kòman ou ka manje an sante. Men, konsèy sa yo ka ede w kòmanse.

  • Rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou, oswa bese gwosè ou si ou dwe fè sa.

Medikaman yo

  • Pran prekosyon ou avèk medikaman yo. Pran medikaman ou yo egzakteman selon preskripsyon an. Rele doktè ou si ou panse ou gen yon pwoblèm avèk medikaman ou. W ap jwenn plis detay sou medikaman espesifik doktè ou preskri ou. PA sispann pran medikaman ou sof si doktè ou di ou pou fè sa. Si ou pa pran medikaman ou sa ta ogmante risk pou gen yon lòt atak kè.

  • Ou ka bezwen plizyè medikaman pou ede w diminye risk pou yon lòt kriz kadyak. Men sa yo enkli:

    • Medikaman pou tansyon tankou inibitè anzim konvèsyon anjyotansin (ACE), ARB (blokè reseptè anjyotansin II), ak blokè beta.

    • Medikaman pou kolestewòl ki rele estatin.

    • Aspirin ak lòt dilyan san. Medikaman sa yo anpeche kayo san ki kapab lakòz yon atak kè.

  • Si doktè ou te ba ou nitroglycerin, kite li sou ou toutan. Si ou gen sentòm anjin, tankou doulè pwatrin oswa presyon nan pwatrin, chita epi repoze. Pran premye dòz nitroglycerin selon enstriksyon doktè ou. Si sentòm yo vin grav oswa si yo pa vin pi bon nan 5 minit, rele 911 touswit. Rete nan telefòn nan. Operatè sèvis ijans lan ap di ou sa pou fè.

  • Pa pran okenn medikaman san preskripsyon, vitamin, oswa remèd fèy si ou pale sou sa avèk doktè ou anvan.

Fason pou rete an sante

  • Kontwole lòt pwoblèm sante ou tankou tansyon wo ak dyabèt.

  • Evite fredi ak grip. Pran yon vaksen anti-nemokoksik. Si ou te pran youn anvan, mande doktè ou si ou bezwen yon lòt dòz. Pran vaksen kont grip chak ane. Si ou dwe rete bòkote moun ki gen rim oswa grip, lave men ou souvan.

  • Sonje pou fè doktè ou konnen sentòm anjin ou te genyen, menmsi yo te ale. Fè atansyon a sentòm anjin ou. Konnen sa ki jeneral pou ou epi aprann kijan pou kontwole li. Konnen kilè pou rele pou mande èd.

  • Pale avèk fanmi ou, zanmi ou, oswa yon konseye konsènan santiman ou. Li nòmal pou santi ou pè, an kòlè, dezespere, enpuisan, ak menm koupab. Si ou pale san pwoblèm sou move santiman sa yo sa kapab ede ou siviv. Si ou gen sentòm depresyon, pale avèk doktè ou.

Kilè ou ta dwe rele pou mande èd?

Rele 911 nenpòt lè ou panse ou ka bezwen swen pou ijans. Pa egzanp, rele si:

  • Ou gen sentòm yon atak kè. Men kèk nan avantaj sa yo: Apre ou fin rele 911, operatè a ka di ou pou kraze 1 aspirin adilt oswa 2 a 4 aspirin fèb dòz nan bouch ou. Rete tann yon anbilans. Pa eseye kondi poukont ou.

    • Doulè pwatrin oswa presyon nan pwatrin, oswa yon sansasyon dwòl nan pwatrin.

    • Si w ap swe.

    • Respirasyon kout.

    • Noze oswa vomisman.

    • Doulè, presyon, oswa yon sansasyon dwòl nan do, kou, machwè, oswa pati anwo vant oswa nan youn nan zèpòl oswa bra.

    • Toudisman oswa feblès toudenkou.

    • Yon batman kè ki rapid oswa iregilye.

  • Ou gen sentòm anjin (tankou doulè nan pwatrin oswa presyon nan pwatrin) ki pa ale apre ou repoze oswa ki pa vin pi bon nan 5 minit apre ou pran yon dòz nitroglycerin.

  • Ou endispoze (pèdi konesans).

  • Ou santi tankou w ap gen yon lòt atak kè.

Rele doktè ou kounye a, oswa chèche swen medikal imedyatman si:

  • Ou gen sentòm anjin, tankou doulè pwatrin oswa presyon nan pwatrin, pi souvan pase nòmal, oswa sentòm yo diferan oswa yo vin grav pase nòmal.

  • Ou gen yon souf-kout ki nouvo oswa ki ogmante.

  • Ou gen vètij oswa toudisman, oswa sou santi tankou ou ka endispoze.

Siveye deprè pou chanjman nan sante ou, epitou asire ou kontakte doktè ou si ou gen nenpòt pwoblèm.

Ajou nan dat: 24 June 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2026 Healthwise, Incorporated.
Powered by Krames by WebMD Ignite
Disclaimer