Ipètansyon: Enstwiksyon Swen Sante
High Blood Pressure: Care Instructions
Apèsi

Li nòmal pou tansyon w monte ak desann pandan jounen an. Men si l rete wo anpil, ou fè tansyon wo. Yon lòt
non pou tansyon wo se ipètansyon. Pou dyagnostik, chif ki pi wo kapab 130 a 140 oswa plis. Chif ki pi ba a
kapab 80 a 90 oswa plis.
Malgre sa anpil moun panse, tansyon wo jeneralman pa lakoz tètfèmal oswa pa fè w santi w gen vètij oswa pa fè
w toudi. Li jeneralman pa gen okenn sentòm. Men li ogmante risk ou pou fè yon estwòk, kriz kadyak, ak lòt
pwoblèm. Ou menm ak doktè ou an pral pale sou risk pwoblèm sa yo selon tansyon ou an.
Doktè w la pral ba w yon objektif pou tansyon w. Objektif ou pral baze sou eta sante w ak laj ou.
Li toujou enpòtan pou fè chanjman nan mòdvi, tankou manje yon fason ki bon pou sante epi rete aktif. Ou ka
pran yon medikaman tou pou w atenn objektif tansyon w.
Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou yo epi
pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen rezilta tès ou yo,
epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.
Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?
Tretman medikal
-
Si ou sispann pran medikaman ou nan, tansyon ou ap monte ankò. Ou gen dwa pran youn oswa plizyè kalite
medikaman pou bese tansyon ou. Pridan ak medikaman yo. Pran medikaman ou nan egzakteman jan yo preskri ou li
a. Rele doktè ou si ou panse ou gen yon pwoblèm ak medikaman ou nan.
-
Pale ak doktè ou la anvan ou kòmanse pran aspirin chak jou. Aspirin ka ede kèk moun diminye risk ki genyen
pou yo fè yon kriz kadyak oswa estwok. Men aspirin pa bon pou tout moun, paske l ka lakoz gwo emoraji.
-
Wè ak doktè ou la regilyèman. Okòmansman, ou gendwa oblije wè doktè ou la pi souvan jiskaske tansyon an
vin bese.
-
Si ou ap pran medikaman pou tansyon, pale sou sa ak doktè ou la anvan ou kòmanse pran medikaman ki ka
dekonjesyone oswa anti-anflamatwa, tankou ibipwofèn (ibuprofen). Kèk nan medikaman sa yo ka monte tansyon.
-
Aprann ki jan pou ou pran tansyon ou adomisil.
Chanje fason ou ap viv
-
Kenbe yon pwa ki an sante. Sa vrèman enpòtan si ou ap pran pwa nan zòn tay ou. Pèdi sèlman 10 liv ka ede
ou diminye tansyon ou.
-
Si doktè ou la rekòmande sa, fè plis egzèsis. Mache se yon bon chwa. Tipa pa tipa, ogmante kantite mache
ou mache chak jou. Eseye pou omwen 30 minit nan pifò jou nan semèn nan. Ou ka menm vle naje tou, monte
bisiklèt, oswa fè lòt aktivite.
-
Evite oswa limite konsomasyon alkòl. Mande doktè ou la si ou ka bwè tout alkòl.
-
Eseye kontwole kantite sodium ou pran jiska 2300 miligram (mg) pa jou. Doktè ou la ka mande ou pou ou
eseye manje mwens pase 1,500 mg pa jou.
-
Manje anpil fwi (tankou bannann ak zoranj), engredyan, sereyal ki konplè ak pwodui ki gen lèt ki pa gen
anpil grès.
-
Diminye kantite grès ki gen asid y ap mete nan manje ou. Ou ap jwenn grès ki gen asid yo nan pwodui animal
tankou, lèt, fwomaj ak vyann. Lè ou kontwole kantite ou ap manje nan aliman sa yo, sa ka ede ou pèdi pwa epi
diminye risk ki genyen pou ou fè maladi kadyak.
-
Pa fimen. Fimen ogmante risk ki genyen pou ou fè kriz kadyak ak estwok. Si ou bezwen èd pou kite fimen,
pale ak doktè ou la sou pwogram pou sispann fimen ak medikaman yo. Bagay sa yo ka ogmante chans ou pou kite
fimen pou bon.
Ki lè w ta dwe rele pou w mande èd ?
Rele 911 nenpòt lè w panse w ka bezwen swen sante annijans. Sa ka vle di ou genyen sentòm ki sijere
nivo tansyon w lakoz yon pwoblèm kè oswa veso sangen ki grav. Tansyon w ka depase 180/120.
Pa egzanp, rele 911 si:
-
Ou gen sentòm kriz kadyak. Men kèk nan sentòm yo :
-
Doulè oswa presyon nan pwatrin, oubyen yon sansasyon dwòl nan pwatrin.
-
W ap swe.
-
Souf kout.
-
Anvi vomi oswa vomisman.
-
Doulè, presyon, oswa yon sansasyon dwòl nan do, nan kou, nan machwè, oswa nan pati anwo vant oswa nan
yon zepòl oswa nan bra oubyen nan toude zepòl oswa bra yo.
-
Toudisman oswa feblès bridsoukou.
-
Yon batman kè ki rapid oswa iregilye.
-
Ou gen sentòm estwòk. Men kèk nan sentòm yo :
-
Pèt sansasyon bridsoukou, pikotman, feblès, oswa pèt mouvman nan figi, nan bra, oswa nan janm ou,
sitou nan yon bò kò ou.
-
Chanjman nan vizyon bridsoukou.
-
Twoub pou pale toudenkou.
-
Konfizyon bridsoukou oswa pwoblèm pou konprann deklarasyon ki senp.
-
Pwoblèm pou mache oswa pou balanse toudenkou.
-
Yon maltèt grav toudenkou ki diferan avèk maltèt ou te konn genyen yo.
-
Ou gen gwo doulè nan do oswa nan vant.
Pa tann tansyon w bese poukont li. Mande èd touswit.
Rele doktè ou kounye a oswa chèche swen medikal si :
-
Tansyon w pi wo pase nòmal (tankou 180/120 oswa pi wo), men w pa gen okenn sentòm.
-
Ou panse tansyon w lakòz ou gen sentòm tankou :
-
Maltèt grav.
-
Vizyon twoub.
Byen siveye chanjman ki fèt nan sante w, epitou asire w kontakte doktè w la si :
-
Tansyon w pi wo pase tansyon doktè w la rekòmande a omwen 2 fwa. Sa vle di chif ki anwo a monte pi wo,
oswa chif ki anba a monte, oswa toude monte.
-
Ou panse ou kapab gen reyaksyon negatif kont medikaman ou pran pou tansyon w lan.
Ajou nan dat: 24 June 2023
Vèsyon kontni: 14.0
Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen
kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise,
Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.