Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Melanj Grenn pou Pa Ansent: Enstwiksyon Swen Sante

Combination Birth Control Pills: Care Instructions

Enstriksyon pou Swen Ou

../images/b7b4e3696eaf55990781f6477b16e218.jpg

Yo itilize grenn melanje pou pa ansent pou evite gwosès. Yo bay ou yon dòz regilye estwojèn ak pwojestatif òmòn.

Ou pran yon grenn òmòn chak jou pou pa ansent.

Grenn pou pa ansent yo vini nan sache. Kalite ki pi komen an gen 3 semèn grenn òmòn. Kèk sache gen grenn sik (yo pa gen okenn òmòn) pou katriyèm semèn nan. Pandan katriyèm semèn ou pa pran òmòn nan, ou gen règ ou. Apre katriyèm semèn nan (28 jou), ou kòmanse yon nouvo sache.

Kèk grenn pou pa ansent anbale nan diferan fason. Pa egzanp, kèk grenn gen òmòn pou katriyèm semèn nan alaplas grenn sik. Si ou pran òmòn yo pandan tout mwa a sa ap lakòz ou pa gen règ ou oswa sa ap lakòz ou gen règ ou mwens fwa. Lòt yo anbale yon fason pou ou gen règ ou chak 3 mwa. Doktè ou ap fè ou konnen ki kalite grenn w ap pran.

Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.

Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?

Kijan pou pran grenn nan?

  • Swiv enstwiksyon doktè ou konsènan lè pou kòmanse pran grenn ou. Itilize kontrasepsyon sekou, tankou yon kapòt, oswa pa fè bagay pandan 7 jou apre ou kòmanse pran grenn ou.

  • Pran grenn ou chak jou, nan apeprè menm lè a nan jounen an. Pou ede tèt ou fè sa, eseye pran yo lè w ap fè yon lòt bagay chak jou, tankou bwose dan ou.

Kisa pou mwen fè si mwen bliye pran yon grenn?

Toujou li etikèt la pou jwenn sèten enstwiksyon, oswa rele doktè ou. Men kèk gid debaz:

  • Si ou rate yon grenn òmòn, pran li imedyatman lè ou sonje sa. Mande doktè ou si ou ka bezwen itilize yon metòd kontrasepsyon sekou, tankou yon kapòt, oswa si ou pa fè bagay.

  • Si ou rate 2 grenn òmòn oswa plis, pran youn imedyatman ou sonje ou te bliye pran yo. Answit li etikèt grenn nan oswa rele doktè ou pou mande li enstwiksyon sou fason pou pran grenn ou te rate yo. Itilize yon metòd kontrasepsyon sekou oswa pa fè bagay pandan 7 jou. W ap gen plis chans pou ansent si ou rate plis pase 1 grenn.

  • Si ou te fè bagay, ou kapab itilize metòd kontrasepsyon pou ijans, tankou grenn apre maten (Plan B). Ou kapab itilize kontrasepsyon pou ijans pandan apeprè 5 jou apre ou te fè bagay, men li efikas pi byen si ou pran li touswit.

Ki lòt enfòmasyon ou bezwen konnen?

  • Grenn nan gen reyaksyon negatif.

    • Ou ka gen règ ou ki vini lejè anpil oswa li ka sote lè pou li vini.

    • Ou ka senyen ant peryòd yo (tach). Anjeneral, sa diminye apre 3 a 4 mwa.

    • Ou ka gen chanjman imè, mwens enterè nan sèks, oswa ou ka vin gwo.

  • Grenn nan ka redui akne, gwo senyman ak lakranp, ak sentòm sendwòm anvan ou gen règ ou.

  • Kontakte doktè ou anvan ou itilize nenpòt lòt medikaman, tankou medikaman san preskripsyon, vitamin, pwodui abaz plant, ak sipleman. Òmòn pou pa ansent yo ka pa efikas tou pou evite ou ansent lè ou melanje yo avèk lòt medikaman.

  • Grenn nan pa ba ou pwoteksyon kont enfeksyon moun pran nan fè bagay (sexually transmitted infection, STI), tankou hèpès oswa VIH/SIDA. Si ou pa byen konnen si patnè seksyèl ou ta ka gen yon STI, sèvi ak kapòt pou pwoteje tèt ou kont maladi.

Kilè ou ta dwe rele pou mande èd?

Rele doktè ou kounye a oswa chèche swen medikal imedyatman si:

  • Ou gen doulè nan vant ki grav.

  • Ou gen siy yon kayo san, tankou:

    • Doulè nan molè ou, dèyè jenou an, nan kuis la oswa nan lèn nan.

    • Anflamasyon pi ak anfleman nan janm oswa nan lèn.

  • Ou gen vizyon twoub oswa lòt pwoblèm pou wè.

  • Ou gen yon maltèt ki grav.

  • Ou gen pwoblèm ki grav pou respire.

Siveye deprè pou chanjman nan sante ou, epitou asire ou kontakte doktè ou si:

  • Ou panse ou ta ka ansent.

  • Ou panse ou ka deprime.

  • Ou panse ou te ka ekspoze nan yon enfeksyon moun pran nan fè bagay oswa ou panse ou pran youn.

Ajou nan dat: 27 November 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2026 Healthwise, Incorporated.
Powered by Krames by WebMD Ignite
Disclaimer