Akouchman nan Vajen (paba) Enstwiksyon Swen Sante
Vaginal Childbirth: Care Instructions
Enstriksyon pou Swen Ou

Kò w pral geri dousman nan semenn k ap vini yo. Li fasil pou w fatige twòp epi pou kò w kraze pandan
premye semenn apre tibebe w la fin fèt. Chanjman nan òmòn ou yo kapab chanje imè w sanzatann. Ou ka
twouve li difisil pou w satisfè demann anplis pou enèji ou ak tan w. Ale dousman.
Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou
yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen
rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.
Ki jan w kapab pran swen tèt ou lakay ou?
Ki lè w ta dwe rele pou w mande èd?
Rele 911 nenpòt lè w panse w ka bezwen swen sante annijans. Pa egzanp, rele si :
-
Ou gen lide fè tèt ou mal, fè tibebe w la mal oswa fè yon lòt moun mal.
-
Ou endispoze (pèdi konesans).
-
Ou gen doulè nan pwatrin, ou gen souf kout oswa w touse san.
-
Ou fè yon kriz.
Rele doktè w kounye a oswa chèche swen medikal touswit si :
-
Ou gen senyman nan vajen ki grav.
-
Ou gen tèt vire oswa toudisman, oswa ou santi w ka endispoze.
-
Ou genyen yon lafyèv.
-
Ou gen nouvo doulè oswa doulè ki pi grav nan vant ou oswa nan rejyon pelvyèn ou.
-
Ou gen sentòm yon boul san nan janm ou (ki rele twonbòz pwofon nan venn), tankou :
-
Doulè nan jarèt, dèyè jenou, kwis, oswa nan fouk ou.
-
Woujè ak anflamasyon nan janm oswa nan fouk ou.
-
Ou gen siy pre-eklanpsi, tankou :
-
Figi w, men w oswa pye w anfle bridsoukou.
-
Nouvo pwoblèm vizyon (tankou vizyon w fèb oswa twouble oubyen w wè tach).
-
Yon gwo tèt fè mal.
Byen siveye chanjman ki fèt nan sante w, epitou asire w kontakte doktè w la si :
-
Senyman nan vajen w lan sanble vin pi plis.
-
Ou gen nouvo dlo blanch nan vajen an oswa dlo blanch nan vajen an vin pi grav.
-
Ou santi w tris, ou gen enkyetid oswa ou sanzespwa pandan plis pase kèk jou.
-
Ou pa refè jan w te espere a.
Ajou nan dat: 10 July 2023
Vèsyon kontni: 14.0
Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w
gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la.
Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon
sa yo.