Fason pou Aprann Gwosè ki Bon pou Sante Ou

Learning About Healthy Weight

Kisa yon gwosè ki bon pou sante ye?

Yon gwosè ki bon pou sante se gwosè kote ou santi ou byen pou tèt ou epi ou santi ou gen enèji pou travay ak jwe. Se yon gwosè tou ki bese risk pou gen pwoblèm sante.

Kisa ou kapab fè pou rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou?

Li kapab difisil pou rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou, sitou lè fasfoud, kolasyon nan machin distribitè, ak manje trete tèlman fasil pou jwenn. Epitou avèk mòdvi ou ki okipe anpil, aktivite ka ba sou lis bagay pou fè yo. Men si ou rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou sa ka pi fasil pase ou panse.

Men kèk sa pou fè ak sa pou pa fè pou rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou:

Mwen sa ki bon pou sante ou

Kalite sa ou manje yo gen yon gwo enpak sou gwosè ou ak sante ou. Rive ak rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou pa gen pou wè ak fè yon dayèt. Li konsène chwa manje w ap fè ki pi bon pou sante ou chak jou ak chanjman w ap fè nan rejim alimantè ou pou toutbon.

Manje sa ki bon pou sante ou vle di ou manje anpil kalite manje yon fason pou jwenn tout eleman nitritif ou bezwen. Kò ou bezwen pwoteyin, idrat kabòn ak grès pou enèji. Yo kenbe kè ou ap bat, sèvo ou aktif, ak miskilati ou yo ap travay.

Nan pifò jou yo, eseye manje nan chak gwoup manje. Sa vle di w ap manje yon varyete nan:

  • Grenn konplè, tankou pen ble ak pat alimantè konplè.

  • Fwi ak legim.

  • Pwodui abaz lèt, tankou lèt, yogout ak fwomaj ki gen yon ti kantite grès.

  • Pwoteyin mèg, tankou tout kalite pwason, vyann poul san po, ak pwa.

Pa manje twòp oswa twò piti nan yon manje. Tout manje yo, si ou manje yo nan kantite modere, kapab vin yon pati nan abitid manje sa ki bon pou sante ou. Menm bonbon kapab bon pou manje.

Si manje ou pi renmen yo gen anpil grès, sèl, sik, oswa kalori, limite kantite fwa ou manje yo. Manje pi piti pòsyon, oswa chèche ranplasan yo ki bon pou sante ou.

Siveye sa w ap manje

Anpil moun manje plis pase sa kò yo bezwen. Rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou vle di aprann kantite manje ou bezwen toutbon ant yon jou ak yon lòt jou, epi pou pa manje plis pase sa. Menm avèk manje ki bon pou sante ou, si ou manje twòp sa kapab fè ou vin gwo.

Gen yon rejim alimantè ki byen balanse vle di ou manje ase, men pa twòp, epi manje ou ba ou eleman nitritif ou bezwen pou rete an sante. Poutèt sa koute kò ou. Manje lè ou grangou. Sispann manje lè ou santi ou satisfè.

Se yon bon lide pou gen kolasyon ki bon pou sante ou ki pare lè ou grangou. Kenbe kolasyon ki bon pou sante ou nan travay ou, nan oto ou, ak lakay ou. Si ou gen yon kolasyon ki bon pou sante ou ki disponib fasil, w ap gen mwens chans pou chwazi pito yon ba bonbon oswa yon sache tchips nan yon machin distribitè.

Kèk kolasyon ki bon pou sante ou ta ka vle kenbe nan men ou se fwi, yogout ki gen yon ti kantite grès, ti baton fwomaj, pètpèt mayi ki gen yon ti kantite grès pou kwit nan mikwo-onn, rezen, ak lòt fwi sèk, nwa, krakè ble konplè, bretzèl, kawòt, baton seleri, ak bwokoli.

Fè egzèsis fizik

Yon gwo pati nan rive ak rete nan yon gwosè ki bon pou sante se fè egzèsis fizik.

Lè ou fè egzèsis fizik, ou boule kalori. Sa fè li pi fasil pou rive ak rete nan yon gwosè ki bon pou sante ou. Lè ou fè egzèsis fizik sou yon baz regilye, kò ou boule plis kalori, menmsi ou nan repo. Si ou fè egzèsis fizik sa ap ede ou pèdi grès epi bati miskilati mèg.

Eseye fè egzèsis fizik pandan omwen 1 èdtan chak jou. Sa ka sonnen tankou anpil bagay, men pa gen pwoblèm pou fè egzèsis fizik an pi piti peryòd tan ki ajoute pou rive nan 1 èdtan pa jou. Nenpòt egzèsis fizik ki fè kè ou bat pi vit epi ki kenbe li la pandan yon moman ap konte. Yon mache rapid, yon kouri oswa yon naje ap fè kè ou bat pi vit. Sa ap fèt tou lè ou monte eskalye, jwe baskètbòl, oswa monte bisiklèt. Menm kèk travay nan kay tankou pase aspiratè oswa koupe gazon ap fè kè batman kè ou ogmante.

Chwazi aktivite ou renmen-sa ki fè kè ou bat pi vit, miskilati ou yo vin pi fò, epi miskilati ak jwenti ou yo vin pi fleksib. Si ou jwenn plis pase yon bagay ou renmen fè, fè yo tout. Ou pa gen pou fè menm bagay la chak jou.

Pa mete ou sou dayèt

Dayèt yo pa efikas.

Dayèt yo se pou yon ti tan. Paske ou abandone vit lè ou fè dayèt, ou ka grangou epi ou panse manje yon bagay toutan. Epi apre ou sispann dayèt la, ou ka manje twòp tou pou ratrape pou sa ou te rate a. Pifò moun ki fè dayèt pran kantite liv yo te pèdi-ak plis.

Sonje kò ki an sante soti nan anpil fòm ak gwosè. Tout moun kapab vin pi an sante lè yo manje pi byen ak lè yo fè plis egzèsis fizik.

Ajou nan dat: 20 September 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2026 Healthwise, Incorporated.