Òjlè ak Chalazyon: Enstwiksyon pou Swen
Styes and Chalazia: Care Instructions
Enstriksyon pou Swen Ou

Òjlè ak chalazyon se de pwoblèm ki kapab lakòz popyè ou anfle.
Yon òjlè se yon enfeksyon nan rasin yon sil. Enfeksyon an lakòz yon ti boul ki sansib ak wouj arebò
popyè a. Enfeksyon an kapab simaye jouk lè tout popyè a vin wouj ak anfle. Anjeneral, òjlè yo pete,
epi yon kantite pi tou piti ap koule. Anjeneral, yo ale poukont yo nan apeprè yon semèn, men pafwa
yo bezwen tretman avèk antibyotik.
Yon chalazyon se yon ti boul oswa yon kis nan popyè (chalazion se mo sengilye a; chalazia se mo
pliryèl la). Yon moun genyen li akòz anfleman ak anflamasyon glann lwil ki andedan popyè a.
Anjeneral chalazyon yo pa enfekte. Yo kapab pran kèk mwa pou yo geri.
Si yon chalazyon vin anfle epi si li ba ou doulè oswa si li pa ale, ou ka bezwen fè doktè ou retire
pi ki ladan.
Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou
yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen
rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.
Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?
-
Pa fwote zye ou. Pa peze yon òjlè oswa yon chalazyon oswa pa eseye louvri li.
-
Pou ede yon òjlè oswa chalazyon geri pi vit:
-
Mete yon konprès tyèd ak imid sou zye ou pandan 5 a 10 minit, 3 a 6 fwa pa jou. Chalè
souvan ap mete yon òjlè nan yon pwen kote l ap koule pi yo poukont li. Sonje konprès
tyèd la ap souvan ogmante anfleman an yon enpe okòmansman.
-
Pa itilize dlo cho oswa pa chofe yon twal imid nan yon mikwo-onn. Konprès la vin twò cho
epi li kapab boule popyè a.
-
Toujou lave men ou anvan ak apre ou itilize yon konprès oswa anvan ak apre ou manyen zye ou.
-
Si doktè a te ba ou konngout oswa pomad antibyotik, itilize medikaman an egzakteman selon
enstwiksyon doktè a. Itilize medikaman an toutotan ou jwenn enstwiksyon pou fè sa, menmsi ou
kòmanse santi ou zye ou vin bon.
-
Pou mete konngout yo oswa pomad la:
-
Panche tèt ou dèyè, epi rale popyè enferyè ou desann avèk yon dwèt.
-
Lade oswa degoute medikaman andedan popyè enferyè a.
-
Fèmen zye ou pandan 30 a 60 segonn pou kite gout yo oswa pomad la bouje.
-
Pa touche pwent pomad la oswa konngout la nan sil ou yo oswa nan nenpòt lòt sifas.
-
Pa mete makiyaj nan oswa vè-kontak nan zye ou jouk lè òjlè a oswa chalazyon an geri.
-
Pa sèvi nan menm sèvyèt, zòrye oswa lavèt avèk lòt moun pandan ou gen yon òjlè.
Kilè ou ta dwe rele pou mande èd?
Rele doktè ou kounye a oswa chèche swen medikal imedyatman si:
Siveye deprè pou chanjman nan sante ou, epitou asire ou kontakte doktè ou si:
Ajou nan dat: 5 June 2023
Vèsyon kontni: 14.0
Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w
gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la.
Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon
sa yo.