Gout: Enstwiksyon Swen Sante
Gout: Care Instructions
Enstriksyon pou Swen Ou
Gout se yon fòm atrit moun genyen akòz yon akimilasyon kristal asid nan yon je-pye. Li lakòz atak
doulè toudenkou, anfleman, po kò wouj, ak kò rèd, anjeneral nan yon je-pye, sitou gwo zòtèy la.
Anjeneral gout parèt sou ou san yon kòz. Men li ou kapab pran li si ou bwè alkòl (sitou byè) oswa si
ou manje fwidmè ak vyann wouj. Si ou pran sèten medikaman, tankou diyiretik oswa aspirin, sa kapab
lakòz ou gen yon atak gout tou.
Si ou pran medikaman yo selon preskripsyon an, epitou si ou swiv avèk doktè ou souvan sa kapab ede ou
evite atak gout pidevan.
Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou
yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen
rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.
Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?
-
Si je-pye ou anfle, mete glas oswa yon oswa yon konprès frèt sou kote a pandan 10 a 20 minit
alafwa. Mete yon mòso twal koton mens ant glas la ak po kò ou.
-
Sipòte manm ki irite a sou yon zòrye lè ou mete glas sou li oswa nenpòt lè ou chita oswa kouche
pandan 3 pwochen jou yo. Eseye kenbe li anlè nivo kè ou. Sa ap ede li anfle mwens.
-
Repoze je-pye ki irite yo. Evite aktivite ki mete bagay lou oswa presyon sou je-pye yo pandan
kèk jou. Pran kèk ti repo kout nan aktivite regilye ou yo pandan lajounen.
-
Pran medikaman ou yo egzakteman selon preskripsyon an. Rele doktè ou si ou panse ou gen yon
pwoblèm avèk medikaman ou.
-
Pran medikaman yo egzakteman selon enstriksyon doktè a.
-
Si doktè a te ba ou yon medikaman sou preskripsyon pou doulè pran medikaman an selon
preskripsyon an.
-
Si w ap pran yon medikaman pou doulè mande doktè ou si ou kapab pran yon medikaman san
preskripsyon.
-
Manje mwens fwidmè ak mwens vyann wouj.
-
Kontakte doktè ou anvan ou bwè alkòl.
-
Si ou bese pwa kò ou, si ou twò gwo, sa ka ede redui atak gout sou ou. Me pa fè yon "rejim
alimantè pou yon ti tan sèlman." Si ou bese pwa kò ou anpil nan yon kantite tan kout sa kapab
lakòz ou gen atak gout.
Kilè ou ta dwe rele pou mande èd?
Rele doktè ou kounye a oswa chèche swen medikal imedyatman si:
-
Ou genyen yon lafyèv.
-
Je-pye a tèlman fè ou mal sa lakòz ou pa kapab itilize li.
-
Ou gen anfleman, po kò wouj, chalè, oswa doulè grav toudenkou nan yon je-pye oswa nan plis.
Siveye deprè pou chanjman nan sante ou, epitou asire ou kontakte doktè ou si:
Ajou nan dat: 10 July 2023
Vèsyon kontni: 14.0
Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w
gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la.
Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon
sa yo.