Akne: Enstwiksyon Swen Sante
Acne: Care Instructions
Enstriksyon pou Swen Ou
Akne se yon pwoblèm po ki parèt sou fòm pwen nwa, pwen blan ak bouton. Li pi souvan afekte figi, kou,
ak pati siperyè kò a. Moun gen akne lè lwil ak selil po sèch yo bouche ti twou ki nan po a.
Anjeneral, akne kòmanse pandan ane adolesan epi souvan li dire jouk nan laj adilt. Netwayaj dousman
chak nou ap kontwole akne ki pi lejè a. Si tretman nan kay pa efikas, doktè ou ka preskri ou krèm,
antibyotik, oswa yon medikaman pi puisan ki rele isotretinoin. Pafwa grenn pou pa ansent ede fanm ki
gen rechit akne chak mwa.
Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou
yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen
rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.
Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?
-
Lave figi ou dousman 1 a 2 fwa pa jou avèk dlo tyèd (ki pa cho) ak yon savon oswa yon ajan
netwayaj lejè. Toujou byen rense li.
-
Itilize yon losyon san preskripsyon oswa yon jèl ki gen pewoksid benzòy. Kòmanse avèk yon ti
kantite 2.5% pewoksid benzòy epi ogmante dòz la jan li nesesè. Pewoksid benzòy efikas byen pou
akne, men ou ka bezwen itilize li pandan apeprè 2 mwa anvan akne ou kòmanse amelyore.
-
Pase krèm, losyon oswa jèl pou akne nan tout kote ou gen bouton yo, pwen nwa oswa pwen blan, pa
sèlman kote ou genyen yo nan moman an. Swiv enstriksyon yo avèk anpil prekosyon. Si po ou vin
twò sèk epi si l ap dekale oswa si li wouj ak irite, redui kantite a. Pou jwenn pi bon rezilta,
pase medikaman yo selon enstwiksyon doktè a. Pa eseye rate dòz yo.
-
Pa ni peze ni pike bouton yo ak pwen nwa yo. Sa kapab lakòz ou gen enfeksyon ak sikatris.
-
Itilize makiyaj san lwil sèlman, filtè solèy, ak lòt pwodui pou pran swen po ki p ap bouche ti
twou ki nan po ou.
-
Lave cheve ou chak jou, epi eseye pa kite cheve tonbe sou figi ou ak zèpòl ou. Anvizaje mete
zepeng nan cheve ou ankò oswa koupe li kout.
Kilè ou ta dwe rele pou mande èd?
Siveye deprè pou chanjman nan sante ou, epitou asire ou kontakte doktè ou si:
-
Ou eseye tretman lakay ou pandan 6 a 8 semèn epi akne ou pa ale oswa li vin grav. Doktè ou ka
bezwen ogmante oswa chanje tretman ou.
-
Bouton ou yo vin gwo epi yo di oswa yo plen avèk fliyid.
-
Kèk sikatris fòme apre bouton yo geri.
-
Ou santi ou tris oswa dezespere, ou pa gen enèji, oswa ou gen lòt siy depresyon pandan w ap pran
medikaman isotretinoin sou preskripsyon.
-
Ou kòmanse gen lòt sentòm, tankou cheve k ap grandi nan figi ou sou fanm oswa ou gen doulè nan
zo ak miskilati.
Ajou nan dat: 16 November 2023
Vèsyon kontni: 14.0
Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w
gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la.
Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon
sa yo.